«Le tracé poétique en créole Haïtien des années 70 à nos jours » (cheminman pwezi kreyòl ayisyen an, soti lane 70 yo rive jodi a), se sou tèm sa a ekriven Lyonel Trouillot te prezante yon konferans nan lakou IFH (Institut Français d’Haïti) la, madi 20 janvye 2009 la, vè 6è nan apremidi. Pou l prezante konferans la, ekriven an te chwazi de atis-plim parèy li mete bò kote l (« pou yo demanti l nan sa l t’a pral di », dapre li). Se te : Georges Castera ak Bonel Auguste. « Mwen pa vin pale la a ni kòm ekriven, ni kòm kritik literè, men kòm senp lektè », se ak mo sa yo li te demare chita-tande sa a ki te atire yon piblik tout plimay nan lakou Enstiti a. Lyonel Trouillot ki fenk pibliye yon rekèy pwezi kreyòl (Ra gagann, 2008), di li remake jodi a yon vitès nan literati kreyòl la, ki domine literati nan lang franse a (an Ayiti) sou plan kantitatif. Anvan l retounen sou sa k’ap pase jodi a, otè Zanj nan dlo a te eseye jwenn orijin literati kreyòl sa a, soti nan Choucoune (Oswald Durand, 1896...
Ayiti se wozo. Men nan men tèt anplas nap rebati AYITI cheri nou an.