Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles associés au libellé Revolution

AYITI-UNESCO: Woumble sou Revolisyon ayisyen n 1804 ak Dwa moun sou latè

Daprè dènye nouvèl ki sot tonbe nan zòrey jounalis AlterPresse yo nan lakou pòtoprens UNESCO konte òganize yon woumble entènasyonal sou dwa moun ak istwa peyi Dayiti nan pòtoprens soti 21 pou rive 23 dawout lan. Bwase lide sa ap gen pou dewoule sou tèm « Revolisyon ayisyenn 1804 lan ak dwa moun sou latè » . Sous : AlterPresse jedi 13 dawout; http://www.alterpresse.org/spip.php?article8631 Nan chita bwase lide sa save ki soti nan kat kwen sou latè pwal gade dwa moun nan lonnvi sosyal, ekonomik, politik, kiltirèl ak filozofik li pandan yo ap eseye fè soti tout sa lit dwa moun sou latè pwan nan revolisyon ayisyen n 1804 lan, daprè sa òganizatè yo di. Woumble sa ap fèt sou woulèt premye minis peyi Dayiti Michèle D. Pierre Louis. Mak fabrik Revolisyon ayisyen n nan ki se alafwa yon Revolisyon kont separasyon lèzòm an ras, kont blan kolon, kont chen n lesklavaj fè l rete nan listwa limanite sèl Revolisyon ki fè blayi nan nawè tout limanité zafè tout moun se moun nan pa yon rèv chimerik. Pi p...