Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du février, 2009

Dr. Dape, nonm ki geri SIDA

Dr Dapé, nonm ki geri SIDA Mezami se vre safè lontan mwen pa vin pale ak nou nan espas nou an mwen espere nou pa twò fache ak mwen. Antouka mwen espere nou pa boude m lontan paske mwen pote jodia yon gwo nouvèl pou nou. Wi yon kokenchen nouvel paske l konsènen sante nou tout ki sètoblije toujou gen nawè n byen kale pou veye SIDA jan piblisite lakay la di sa. San dout anpil nan nou koumanse about ak tout lapwoli sa yo e ap mande kilè nap sispan n pale anpil pou n mete nou nan twavay. E byen konnen mwen dakò ak nou. Men fòk nou pa bliye kèlkelanswa twavay yon moun ap fè li merita apresyasyon. - Kelkelanswa? - Wi - Bayakou tou? - Wi, kelkelanswa. Doktè, enjenyè, bouretye, potè, elt. Se sèl twavay ki ka pèmèt nou gwandi douvan lòt. - Bon, an n tounen pou n wè sak gen nan lòj sou zafè SIDA a. Sa sanble pa twò enterese nou. - Pa twòp men pliske se ou nap fè jefò pou n tande w. - E pouki si te pat mwen? - A sensèman nou te deja pati. - A bon ! - Wi sa fè lontan y ap pen zòrey nou