Diskou Premye Minis Michèle D. Pierre-Louis nan 2èm kongrè entènasyonal diaspora ayisyen Kongrè Inite Mayami, 9 Dawout 2009 Mwen vle kòmanse pa salye òganizatè Kongrè an deske yo rive mete tout Ayisyen/Ayisyèn ak zanmi Ayiti yo ansanm sou labannyè INITE. Nou tout ki la jodi an se yon sèl mo ki reyini nou se Ayiti. Alòs, reyini sou drapo Ayiti, anba flanbo inite mande nou pou nou bay mo sa yo tout sans yo. Men anvan mwen antre nan nannan kesyon an, kite m di n detwa pawòl. Toutdabò, na eskize Minis Ayisyen k ap viv aletranje yo, Misye Charles Manigat. Se li menm mwen te chwazi pou ranplase m nan seremoni ouvèti kongrè an. Malerezman, li pat ka vini paske Prezidan Preval te voye l nan tèt yon delegasyon nan zile Turc and Caicos pou al regle afè batiman ki fè nofraj kote anpil moun te pèdi lavi. Minis la te oblije ale ki fè misyon l pat fini lè kongrè an kòmanse. Nofraj sa raple n, kantite moun ki pèdi lavi nan kouri kite peyi an nan move kondisyon pou al chache lavi miyò nan lòt peyi. ...
Ayiti se wozo. Men nan men tèt anplas nap rebati AYITI cheri nou an.