Plent Yon Pitit Ayiti Kont Leta Ayisyen Diskrimansyon Sou Baz Lang Kanada, 17 me 2009, Mwenmenm, Jean Elissaint Saint-Vil, pitit Ayiti, ki fèt Lopital “La Sainte Famille” nan Pòtoprens, jou ki te 27 novanm 1967 la, mwen ekri lèt sa a pou mwen anrejistre yon plent fòmèl devan Leta Ayisyen paske otorite ki reprezante pèp Ayisyen an nan Kanada, kote m ap viv nan moman an, refize sèvi Ayisyen kòrèkteman an Kreyòl, jan lalwa ekzije sa. Vandredi ki te 15 me 2009 la, nan kad yon selebrasyon ofisyèl fèt drapo Ayisyen an, se ak kè plen anpil moun te sètobliije reviv yon sitiyasyon dezonorab kote otorite Ayisyen yo, yon lòt fwa ankò, te derespekte Ayisyen Kreyolofòn ki reprezante 100% popilasyon an epi, an menm tan, pase Manman Lwa Ayiti a anba pye. Depi odepa seremoni fèt drapo anbasad Ayiti nan Kanada te òganine jou 15 me 2009 la t ap dewoule an Franse sèlman, sa vle di nan lang ofisyèl yon ti ponyen Ayisyen pale plizoumwen malman an. Lè, nan peryòd kesyon-repons ki te louvri apre konferans la...
Ayiti se wozo. Men nan men tèt anplas nap rebati AYITI cheri nou an.